Plan an

Koutwazi Imaj nan ARQUITECTONICA / ArquitectonicaGEO / MANICA

Miami Freedom Park & Soccer Village se yon destinasyon rekreyasyon prive ki finanse pou tout moun ki abite nan Miami yo ki pral enkòpore youn nan pi gwo pak piblik nan vil la, yon estad foutbòl, jaden foutbòl pou kominote a, yon sant teknoloji, otèl, boutik, ak restoran pou rezidan yo ak vizitè yo kapab jwi.

Pwojè a pral gen zewo enpak sou lajan kontribisyon ak enpo sou rezidan lokal yo.

Anplis de sa, pwojè a pral peye plizye milyon de dola nan revni pou kominote a, ansanm ak peye yon valè mache anyèl jis lwaye nan lavil la nan yon kontra-fèm de 99-ane, yon premye pou nenpòt tip de konplèks espò pwofesyonèl nan Sid Florid la.

Miami Freedom Park & Soccer Village

Koutwazi Imaj nan ARQUITECTONICA / ArquitectonicaGEO / MANICA

Koutwazi Imaj nan ARQUITECTONICA / ArquitectonicaGEO / MANICA

Espas vèt ki lib

Miami Freedom Park & Soccer Village la pral kreye youn nan pi gwo pak Miami an yo – 58 kawo tè nan yon vrè espas aksè vèt – ki pral bay yon owasis pou kominote ki antoure li a. Li pral konplete teren bezbòl ki deja egziste yo ak Grapeland Park Dlo y’ap kreye yon sant pou rekreyasyon, tou ofri nouvo jaden foutbòl piblik ak yon seri de espas pou kondwi. Jaden foutbòl adisyonèl yo pral ede amelyore tou mank ki egziste deja nan vil Miami, kote foutbòl se youn nan espò ki pi popilè ki genyen. 

Miami Freedom Park pral konfòme li avèk règleman ki pa gen pèt ki egziste deja nan Plan Konpreyansif e kolektif Vil Miami an, e li pral responsab pou tout restorasyon anviwònman nan pwopriyete a. Yo evalye ratrapaj estimasyon pou anviwònman an pou egzije yon envestisman $35 milyon anplis nan Miami Freedom Park.

Yon klib foutbòl de klas mondyal

Yon estad 25-plas-dènye modèl ki sitiye nan Miami Freedom Park & Soccer Village la pral kay klib foutbòl Inter Miami CF, ki pral genyen 17 match k’ap jwe lakay li pannan sezon MLS regilye a. Estad la pral itilize mwens ke pase 10 pousan nan pwopriyete Miami Freedom Park la.

Koutwazi Imaj nan ARQUITECTONICA / ArquitectonicaGEO / MANICA

Koutwazi Imaj nan ARQUITECTONICA / ArquitectonicaGEO / MANICA

Sant Teknoloji

Yon eleman kle nan espas biwo Miami Freedom Park la se sant Teknoloji a ki pral atire konpayi etabli ak sa ki fèk ap parèt yo, amelyore sitiyasyon Miami an kòm yon vil mondyal k’ap pwogrese. 

Espas Divètisman yo

Yon varyete lokal ak nasyonal sou-boutik ki nan espas yo ak boutik ki sou plas, restoran, ak 750 chanm otèl pral sèvi nan zòn rezidansyèl yo ki kapab atire vizitè pandan tout epòk nan ane a.

Koutwazi Imaj nan ARQUITECTONICA / ArquitectonicaGEO / MANICA

Etid sou trafik

Miami Freedom Park la pral fèt pou akomode nenpòt enpak trafik jenere ak karakteristik ki gen ladan pakèt espas pou moun pake machin yo, twa pwen ki fèt pou genyen aksè ki fèt espesyalman, ak yon pon pyeton ki konekte dirèkteman nan plizyè fòm transpò piblik masif.