Benefis Kominotè a

Koutwazi Imaj nan ARQUITECTONICA / ArquitectonicaGEO / MANICA

Miami Freedom Park & Soccer Village la ap pral delivre yon pakèt benefis a kominote a ki pa konpare ak ankenn nan lòt devlopman espòtif nan vil nou an. L’ap peye pri ki apropriye pou lwaye sou mache a, menm bagay la tou pou sale moun k’ap travay an plas sou pwojè a. Miami Freedom Park la pral kontribye $44 milyon nan enpo lokatif anyèl sou revni Vil Miami an, Miami-Dade County, Leta Florid ak Miami Dade County Lekòl Leta, epi ki ap kreye plis ke 13,000 travay.

Enpak pozitif ekonomik la

$44 Milyon sou enpak dirèk sou kominote nou an kòm benefis enpo likatif yo.

  • $5.9 Milyon pou Vil Miami
  • $11,1 Milyondola pou Miami-Dade County
  • $23.6 Milyon dola (ki sòti nan taks sou lavant) nan Eta Florid la
  • $3.4 Milyon dola pou Lekòl piblik ak leta nan Miami-Dade County

Koutwazi Imaj nan ARQUITECTONICA / ArquitectonicaGEO / MANICA

Koutwazi Imaj nan ARQUITECTONICA / ArquitectonicaGEO / MANICA

Travay k’ap byen paye

Plis pase 13,000 nouvo djòb yo pral kreye a koz de pwojè saa

  • 11,000 travay konstriksyon
  • 2,300 travay pèmanan (lè yo louvri)

Miami Freedom Park & Soccer Village la ap peye anplwaye yo $15 pa lè, ki preske double salè minimòm ke leta egzije a ki se $8.46 pa è.

Estad foutbòl la pral youn nan sèl estad espò nan peyi kap fri yon bon salè konsa.

Fon pou Pak Piblik ak Lòt Espas Vèt

  • $20 Milyon$20 Milyon dola kontribisyon nan Vil Miami an pou amelyo
    asyon nan espas vèt ak pak piblik yo

    • Ranfòsman anviwònman ak lòt travay pou devlopman pou 58 kawo tè pou Pak Piblik
  • $5 Milyon adola don an plis kòm donasyon pou espas pwojè Baywalk-Riverwalk Vil la

Kontribisyon an plis pou pak ak espas piblik sa yo se pèman an plis pou frè anyèl ke se yon frè siyifikatif pou kontra-lwaye ak revni taks ke Miami Freedom Park & Soccer Village pral jenere.

Koutwazi Imaj nan ARQUITECTONICA / ArquitectonicaGEO / MANICA